Webinè a : Done sou Dlo ki nan Men Kominote
Syans ak Dwa Moun pou Konstwi Pouvwa Kominote yo
Wednesday, June 8, 2022 11:00 AM to 12:00 PM EDT
View this page in English: https://cssr.gmu.edu/events/13462
Webinè sa se yon rankont echanj sou Dwa Dlo nan kominote ki anba pèmi esplwatasyon lò an Ayiti, presizeman Katye Moren. Esplwatasyon min gen konsekans sou dlo ak lòt eleman nan ekosistèm nan, epitou li vyole dwa manm kominote lokal yo. Klinik Jistis Global, yon pwogram nan Fakilte Dwa Inivèsite Nouyòk bay sipò teknik ak Kolektif Jistis Min epi lòt òganizasyon nan mouvman sosyal ayisyen an atravè fòmasyon pou apiye kominote ki afekte pa aktivite min pou yo kapab konnen epi defann dwa yo. Pami objektif mouvman kont aktivite min an Ayiti a se aprann sosysete sivil Ayisyen an—sitou kominote ki dirèkteman sible pa aktivite min nan moman demaraj esplwatasyon an—sou potansyèl konsekans li sou anviwonman, dlo, agrikilti, ak tè, epi pou ankouraje yon veritab deba nasyonal sou pwoblematik min nan. Entèvenan yo pral diskite sou metòd syantifik yo te itilize nan kad reyalizasyon etid la a, leson yo tire ak patisipasyon lokal.
Dat : Mekredi 8 jen, 2022 | 11è—12è
Evènman sa pral fèt an Angle ak Kreyòl
Entèvenan yo:
Webinè sa a fè pati seri vebinè Syans ak Dwa Moun, Kowalisyon Syans ak Dwa Moun nan Asosyasyon Ameriken pou Avansman Syans ak Sant Rechèch Syans Sosyal nan Inivèsite George Mason, ki patwone ansanm.
![]() |
Patwone pa: